top of page

Operasyon solèy leve

Updated: Feb 11, 2022

Operasyon solèy leve pou sila yo ki te viktim nan tranbleman tè 14 dawout 2021 ki sot pase la.

Tou swit aprè katastwòf la, Fondasyon an te santi li konsène e li te vle pote soutyen li rapidman a viktim yo. Nou pate rive fè sa jan nou te vle a epi sitou rapid jan nou te espere li a. Aprè yon apèl an konferans Junior Ceranor Nelson (Konsil Ayiti an Ostralia) te fè ak kèk kamarad lekòl ak li, nou te deside aji ansanm pou ranmase yon fon. Lajan nou te kolekte a, te la pou mete sou pye "Operasyon Solèy leve" ki te gen pou objektif pote soutyen bay moun ki viktim nan gran sid la.

Menm jan ak tout òganizasyon, mwayen yo pa janm sifi pou ede tout moun, aprè yon ti chita pale, nou te chwazi awondisman Pòsali a pou al bay èd nou an (Awondisman sa gen ladan li 3 komin, Pòsali, Sen Jan, Anikè).


O komansman nou te gen lide pote pwovizyon pou moun yo, men a koz ensekirite ki gen sou tout wout gran sid la, nou te chwazi bay moun yo èd nou an an espès. Nou distribiye anvlop bay chak fanmi, ki gen ladanl yon ti tchotcho pou reponn ak kèk bezwen moun yo te genyen. se te pwovizyon nou te vle bay, nou te oblije chanje strateji. Tou sa a koz kèk sitwayen malonèt te konn piye kèk kamyon ki pote manje ak lòt bagay pou moun yo.


Nan tout Awondisman an, moun yo te kontan wè nou. Nou pat fè yo pwomès, men nou asire yo ke se pap dènye fwa yo wè nou, nou te di yo gen kèk pwogram edikatif n'ap mete sou pye byento, nou ap travay pou awondisman sa benefisye de yo.


Pwogram sa rive fèt aprè anpil demarch ak anpil bonne volonte yon pakèt moun. Moun ki te ede nou mete pwogram sa sou pye se: Jean Robert Bouloute, Ferland Valsaint, Mardoche Marxis, Julia Melamed, Jean Cyrus Marseille, Ralph Boutin, Sylvain P. Adelçon, Didier Ralph Nelson, Jean Claude Boule, Amide Nelson, Roberto Moïse, Jean Anthony Bazile, Natacha Boule, Luckson Sinne, Sylé Reynold Nou pap ka fin site non tout moun yo, men nou bay kèk moun.

21 views0 comments

Recent Posts

See All
bottom of page